Voye Lajan Aletranje Rapidman ak an Sekirite

Voye lajan sou entènèt rapidman epi yon fason ki fyab gras ak Western Union®, kèlkeswa si w ap voye lajan bay fanmi toupre ou oswa zanmi w ki lwen w.

    USD

    FX: 1.00 USD – To chanj ak frè ki parèt yo se estimasyon, yo varye selon plizyè faktè tankou metòd peman ak vèsman, epi yo gendwa sibi chanjman. Pou verifye tarif aktyèl yo ak lòt opsyon yo, senpleman klike sou “Voye lajan”. X Frè:

    Vin jwenn nou jodi a

    Rekòmande zanmi ou yo bay Western Union epi touche rekonpans enteresan pou chak referans ki reyisi.

    Voye epi transfere lajan sou entènèt an 5 etap senp

    Enskri epi verifye pwofil gratis ou

    Kòmanse voye lajan sou entènèt lè w konekte oswa ou enskri pou yon pwofil. Ou kapab verifye pwofil ou grasa lisans pou kondui machin ameriken w, paspò ameriken w oswa yon pyès idantite leta ba w.

    Chwazi kote ou vle transfere lajan an

    Antre destinasyon an ak kantite lajan ou ta renmen voye. Chwazi pou voye lajan entènasyonalman oswa lokalman, dirèkteman nan kont labank destinatè a, oswa nan yon lokal Western Union ki toupre w oswa nan bous elektwonik yo.1

    Antre enfòmasyon sou moun k ap resevwa lajan an

    Transfere lajan dirèkteman nan yon kont labank lè ou antre enfòmasyon moun k ap resevwa a. Pou voye lajan kach pou yon moun ka vin pran li, n ap bezwen non ak adrès li.

    Peye pou transfè lajan sou entènèt ou an san danje

    Voye lajan imedyatman ak yon kat debi oswa kat kredi2, oswa ak kont labank ou.

    Konfime, voye epi swiv transfè ou

    Lajan ou an nan wout! Dapre metòd ou chwazi a, li ka rive nan kèk minit3 , selon fason ou te voye li. Ou ap toujou resevwa yon imèl konfimasyon ak yon Nimewo Kontwòl Transfè Lajan (MTCN) pou ede w swiv transfè ou yo.

    Transfè lajan fasil ak dwèt ou gras ak aplikasyon Western Union® lan

    Voye lajan rapidman oubyen kòmanse yon transfè epi peye nan magazen an.

    Retrase transfè lajan ou an nan tan reyèl.

    Voye ankò rapidman bay zanmi ak moun nan fanmi w.

    4.8
    app-store
    4.7
    google-play-badge-ai
    Evalyasyon nan konpayi an Me 2026

    Plis fason pou transfere lajan avèk Western Union®

    Fason fyab pou transfere lajan nan kont labank toupatou nan lemond

    Voye lajan nan kont labank atravè lemond nan fason ki pi pratik pou ou: sou entènèt, ak aplikasyon Western Union® lan oswa an pèsòn nan yon lokal ki gen ajan nou yo. Chwazi peyi ou pou kòmanse.

    Kesyon yo poze souvan

    Kijan mwen ka transfere lajan entènasyonalman?

    Li fasil pou voye lajan aletranje avèk Western Union®. Annik swiv etap sa yo sèlman:

    1. Kòmanse pa konekte oswa enskri pou yon pwofil gratis. Apresa, klike sou ‘Voye kounye a’ pou kòmanse transfè lajan entènasyonal ou a.
    2. Chwazi yon peyi nan lis destinasyon yo epi kantite lajan ou vle voye a.
    3. Klike sou ‘Kont labank’ pou antre enfòmasyon moun pwòch ou a pou premye fwa. Ou ka fasilman chwazi enfòmasyon kont yo si ou te voye lajan ba yo anvan deja.
    4. Voye lajan ou lè ou peye ak yon kat kredi oswa kat debi1.
    5. Ou pral resevwa yon imèl konfimasyon ki gen yon Nimewo Kontwòl Transfè Lajan (MTCN). Sa ede w swiv peman ou an.

    Kijan pou m voye lajan sou yon kont labank?

    Avèk sèvis transfè lajan nou yo, li rapid ak fasil pou voye lajan anliy sou yon kont labank. Ou ka transfere lajan dirèkteman sou yon kont ki kalifye lè ou itilize kat kredi oswa kat debi ou1, oswa yon transfè labank. Men kijan pou voye lajan nan fason sa a:

    1. Konekte oswa enskri pou yon pwofil gratis epi klike sou ‘Voye kounye a’ pou kòmanse transfè lajan anliy ou an.
    2. Antre destinasyon an ak kantite lajan ou ta renmen voye a. Tan tranzaksyon tipik yo varye pou chak destinasyon, men n ap montre w kisa yo ye.
    3. Chwazi ‘Kont labank.’ Antre detay3 kont moun pwòch ou a oswa chwazi voye lajan bay yon benefisyè ou te voye lajan pou li deja. Enfòmasyon sou benefisyè a varye selon kote a, men non bank lan obligatwa nan pifò peyi yo. Aprann plis bagay sou enfòmasyon ki nesesè pou chak peyi.
    4. Peye avèk kat kredi oswa kat debi1 ou pou voye lajan.
    5. N ap voye yon imèl konfimasyon ki gen yon Nimewo Kontwòl Transfè Lajan (MTCN). Pataje sa ak benefisyè w la pou li ka swiv lajan an.

    Kijan mwen ka voye lajan anliy pou retrè kach?

    Sa a se yon opsyon rapid ak pratik si ou bezwen transfere lajan kach byen prese. Voye lajan imedyatman ak yon kat debi oswa kat kredi1, oswa peman transfè labank. Lajan an ta dwe pare pou retrè lajan kach nan kèk minit4. Pou voye lajan ak yon kat kredi oswa kat debi:

    1. Konekte oswa enskri epi verifye pwofil gratis ou a. Klike ‘Voye kounye a’ pou kòmanse transfè ou a.
    2. Chwazi destinasyon kote ou ta renmen voye lajan an ansanm ak kantite lajan an. Chwazi ‘Retrè lajan kach’ epi peman ak kat.
    3. Antre non ak adrès moun ou vle voye lajan pou li a.
    4. Peye pou transfè lajan anliy ou avèk kat kredi oswa kat debi ou.
    5. Yo pral voye yon imèl konfimasyon ba ou ak yon Nimewo Kontwòl Transfè Lajan (MTCN). Pataje sa avèk benefisyè w la pou yon retrè lajan kach rapid.

    Swiv etap sa yo pou voye lajan sòti sou yon kont labank:

    1. Konekte oswa enskri pou yon pwofil gratis. Klike ‘Voye kounye a’ pou kòmanse transfè lajan anliy lan
    2. Antre destinasyon ou ak kantite lajan ou ta renmen voye avèk yon kont labank la. Chwazi ‘Retrè lajan kach.’
    3. Konekte kont epay ou a avèk pwofil Western Union® ou a (kont Etazini sèlman).
    4. Dènye etap la pou voye lajan w lan se verifye kont labank ou an.
    5. N ap voye yon imèl konfimasyon ak yon nimewo swiv pou tranzaksyon ou, yo rele Nimewo Kontwòl Transfè Lajan (MTCN). Pataje sa avèk benefisyè w la pou yon retrè lajan kach rapid.

    Èske mwen ka voye lajan anliy sou yon pòtfèy mobil?

    Ou ka voye lajan anliy dirèkteman sou yon pòtfèy mobil5 si benefisyè a gen yon pòtfèy mobil konpatib nan yon peyi ki patisipe.

    Transfere lajan sou yon pòtfèy mobil avèk etap fasil sa yo:

    1. Anvan ou eseye voye lajan, tcheke peyi destinasyon ki disponib yo ak founisè mobil yo.
    2. Konekte oswa enskri pou yon pwofil gratis. Klike ‘Voye kounye a’ pou kòmanse transfè ou a.
    3. Chwazi voye lajan ‘Sou yon pòtfèy mobil’, apresa antre destinasyon an ak montan transfè a. Limit yo ka varye.
    4. Antre non ak nimewo telefòn zanmi w oswa fanmi w.
    5. Peye pou transfere lajan an ak kont epay ou oswa kat kredi oswa debi1 ou. Y ap voye yon notifikasyon konfimasyon pa tèks ba ou menm ak benefisyè a lè lajan an rive.

    Kijan mwen ka voye lajan nan yon biwo Western Union?

    Pou voye lajan anliy pou retrè lajan kach nan yon biwo Western Union:

    1. Konekte oswa enskri pou yon pwofil gratis epi klike sou ‘Voye kounye a’ pou kòmanse yon nouvo transfè.
    2. Chwazi destinasyon ou ak kantite lajan transfè a. Chwazi ‘Retrè lajan kach.’
    3. Antre detay benefisyè w la.
    4. Ranpli metòd peman ou chwazi a.
    5. Ou menm ak benefisyè w la ka itilize Nimewo Kontwòl Transfè Lajan an (MTCN) pou swiv lajan an.

    Ki pi bon fason pou voye lajan entènasyonalman?

    Pi bon fason pou voye lajan entènasyonalman depann de bezwen ou yo. Western Union ofri transfè labank pratik, retrè lajan kach, ak opsyon pòtfèy mobil pou fè transfè lajan entènasyonal ou yo fasil epi fyab.

    Kijan pou m voye lajan anliy avèk aplikasyon Western Union lan?

    Transfere lajan nenpòt kote w ye sou yon kont labank, pou retrè lajan kach, oswa sou yon pòtfèy mobil‌‌‌‌1 avèk èd aplikasyon nou an. Jis swiv etap sa yo pou voye lajan imedyatman:

    • Si ou deja gen aplikasyon Western Union® lan, konekte avèk Touch ID oswa idantifyan ou yo.
    • Si ou se yon nouvo itilizatè, telechaje aplikasyon an atravè Apple App Store oswa Google Play Store. Apre sa, swiv etap sa yo pou anrejistre yon pwofil ak adrès imèl ou gratis. Sèvi ak lisans chofè ou, paspò ou, oswa pyès idantite ki sòti nan gouvènman an pou verifye pwofil ou.
    • Kòmanse transfè lajan ou an lè w antre destinasyon an ak kantite lajan ou vle voye a. Chwazi metòd peman ki pi bon pou ou menm ak benefisyè w la: Voye lajan dirèkteman sou yon kont labank, pou retrè lajan kach, oswa nan yon pòtfèy mobil, selon peyi benefisyè a. Apre sa, antre detay benefisyè a.
    • Peye pou transfè lajan ou a anliy avèk yon kat kredi oswa debi1, oswa avèk kont labank ou.
    • ‌N ap bay yon Nimewo Kontwòl Transfè Lajan (MTCN) pou chak tranzaksyon, kote ou ka pataje avèk benefisyè w la pou l ka swiv lajan an. Chak fwa ou voye lajan sou yon bous mobil, ni ou menm ni benefisyè w la ap resevwa yon notifikasyon pa tèks yon fwa lajan an rive.

    Kijan mwen ka voye lajan bay yon detni?

    Ou ka voye lajan anliy bay yon moun pwòch ou ki nan prizon nan yon etablisman koreksyonèl Ozetazini. Aprann kijan pou voye lajan bay yon detni.

    1 Lajan an ap peye bay founisè kont mWallet moun k ap resevwa a pou yo kredite kont ki lye ak nimewo telefòn li. Lòt frè tyès pati gendwa aplike, tankou frè SMS ak frè pou depasman limit kont lan ak frè pou retire lajan kach. Disponiblite lajan an depannde tèm ak kondisyon sèvis la. Gade Fòm Mobil la pou wè Restriksyon yo.

    2 Si w ap itilize yon kat kredi, konpayi ki bay kat la ap pran yon frè alavans lajan kach epi frè enterè ki asosye kapab aplike. Pou evite frè sa yo oubyen pou jwenn mwens frè, itilize yon kat debi oubyen verifye lòt metòd pèman.

    3 Fon yo ka retade oswa sèvis yo ka pa disponib selon kèk kondisyon tranzaksyon an, tankou montan ou voye a, peyi li prale a, disponiblite deviz la, pwoblèm règlemantasyon ak pwoblèm deviz etranje, sa yo mande pou benefisyè a fè yo, egzijans nan zafè idantifikasyon, lè lokal i gen ajan ladann yo louvri, diferans nan fizo orè yo, oswa chwa opsyon retade yo. Pou tranzaksyon mobil yo, lajan an ap peye bay founisè kont mWallet destinatè a pou l ka kredite sou kont ki gen lyen ak nimewo mobil destinatè a. Lòt frè tyès pati gendwa aplike, tankou frè SMS ak frè pou depasman limit kont lan ak frè pou retire lajan kach. Gade fòmilè transfè a pou restriksyon yo.

    4 Western Union konn fè lajan tou nan to chanj deviz. Lè w ap chwazi yon sosyete transfè lajan, pran san w pou konpare avèk atansyon ni to transfè yo ak to chanj yo. Frè yo, to chanj yo ak taks yo kapab varye pou chak mak, kanal ak adrès lokal yo sou labaz plizyè faktè. Frè yo ak to yo gendwa chanje san preyavi.

    5 Apati 30 Jen 2020.

    6 An wetan Aruba, Brezil, Lachin, Kiba, Etyopi, Ayiti, Lesoto, Liberya, Libi, Namibi, Lafrik di Sid, Swazilann ak Venezyela.

    7 Tanpri asire w ke non moun k ap resevwa a matche egzakteman ak enfòmasyon yo bay pou pwopriyetè kont labank la. (Enfòmasyon yo bezwen sou kont la ka varye selon peyi a.)