Jere anpil nan bezwen transfè lajan w yo nan plizyè milye biwo ajan ki byen pozisyon pou ou atravè Etazini.
Voye lajan bay moun ou renmen yo atravè Etazini oubyen nan lòt peyi avèk transfè an pèsòn rapid ak fyab. Enskri sou entènèt epi finalize transfè w la an pèsòn pou ekonomize tan.
Voye l kounye aPeye bòdwo sèvis piblik, lwaye, peman machin, ak plis ankò fasilman nan biwo ajan ki patisipe yo.
KòmanseKòm yon altènatif serye pou chèk, chèk postal se youn nan pi bon fason pou voye lajan kach bay yon moun. Achte ak touche chèk postal nan biwo ki patisipe yo.
Aprann plisOu bezwen resevwa lajan? Retrè lajan kach nan yon biwo Western Union ki patisipe nan pwogram nan an kèk minit.
Jwenn yon ajanJwenn yon biwo ajan Western Union ki tou pre epi ale sou kontwa a pou jwenn asistans pou transfè lajan domestik oswa entènasyonal ou a.
Deside kantite lajan ou vle transfere a. To echanj ka aplike pou tranzaksyon entènasyonal.
Prepare w pou w rive devan ajan an avèk yon pyès idantite ki valab. Y ap mande w tou pou pataje non benefisyè a jan li parèt sou kat idantite li a, ansanm ak kote li ye a. Gen kèk transfè ki ka mande plis detay tankou nimewo kont labank eskpeditè a oswa benefisyèa pou transfè dirèk.
Kouvri montan transfè a ak frè sèvis ki aplikab yo. Ou ka peye avèk lajan kach, kat debi, oubyen nan kèk biwo, avèk yon kat kredi.
Revize detay tranzaksyon an epi jwenn yon Nimewo Kontwòl Transfè Lajan (MTCN) pou swiv transfè w la. Pataje l avèk benefisyè a pou retrè konsa nou toulede ap konnen lè lajan an rive.
Ekonomize tan sou kontwa a lè w kòmanse transfè w la sou entènèt oubyen atravè aplikasyon nou an epi peye ak lajan kach nan yon biwo ajan ki patisipe. Telechaje aplikasyon Western Union® lan oswa enskri sou entènèt jodi a.
Western Union ofri fason pratik pou resevwa lajan, kit se atravè retrè lajan kach, yon kat prepeye, oswa yon chèk postal. Ale nan yon biwo ajan ki tou pre pou jwenn aksè a lajan ou byen vit e fasilman.
Fè retrè lajan yon zanmi oswa yon fanmi voye ba ou nan yon biwo ajan Western Union ki tou pre w lè w bay MTCN ou ak yon pyès idantite ki valab.
Resevwa lajan dirèkteman sou yon Kat Visa Prepeye Western Union. San balans minimòm oswa verifikasyon kredi obligatwa, kat prepeye yo se yon altènatif pratik pou lajan kach lè ou bezwen lajan nan men w.
Si ou te resevwa yon chèk postal, ale touche l nan yon magazen Western Union ki patisipe oswa depoze l sou kont labank ou.
Pwofite sèvis Western Union yo nan kèk patnè bankè. Toupatou Ozetazini, plizyè santèn patnè bankè ofri transfè lajan an pèsòn, retrè lajan kach, ak plis ankò.
Western Union disponib nan anpil gwo chèn magazen pwodwi alimantè ak magazen detayan Ozetazini. Jwenn yon sikisal ki tou pre w epi chèche siy Western Union lan pandan w ap fè acha w.
Orè ajan Western Union yo varye selon magazen an oswa biznis ki ofri sèvis la. Itilize zouti rechèch biwo nou an pou tcheke lè yon biwo espesifik toupre w ouvè.
Non, Western Union pa bay sèvis echanj lajan nan biwo ajan li yo. Sepandan, ou ka voye lajan entènasyonalman, epi benefisyè a ap resevwa l nan lajan lokal li selon to echanj la nan moman transfè a.
Wi! Anpil magazen Walmart atravè Etazini ofri sèvis Western Union, tankou transfè lajan, peman bòdwo, ak retrè lajan kach. Jwenn yon magazen Western Union ak Walmart tou pre w.
Pri yo varye selon metòd transfè a, opsyon peman an, ak destinasyon an. Transfè sou entènèt yo ka ofri diferan pousantaj oswa frè konpare ak tranzaksyon an pèsòn. Itilize kalkilatris pri transfè lajan nou an pou konpare pri yo anvan ou voye lajan an. Epi sonje byen—premye transfè lajan entènasyonal ou sou entènèt la gratis1!
Anpil biwo ajan Western Union aksepte kat kredi pou tranzaksyon an pèsòn. Disponibilite a depann de biwo a ak kalite tranzaksyon an. Kontakte ajan Western Union ki pi pre w la pou mande metòd peman yo aksepte yo.
1 Western Union fè lajan apati FX. Frè yo ak to yo gendwa chanje san avètisman. Òf sa a pa disponib pou Quick Collect, transfè nan Etazini, kat kredi ak Google Pay.


